Chaloup pwoteksyon sivil la sou Zile Latòti a, resevwa yon motè Yamaha tou nèf.

872

01 – 10 – 2024

Zile Latòti, Ayiti____(TRiboLAND) Nan prezans divès gwo palto ki te sòti Pòtoprens ak nan depatman Nòdwès la, pwogram alimantè mondyal (PAM) remèt nan sal oditoryòm Collège Saint Miguel sou Zile Latòti, yon motè Yamaha 75 Chv tou nèf bay responsab pwoteksyon sivil yo.

Motè Yamaha flanban nèf sila, bay nan objektif pou rann operasyonèl chaloup pwoteksyon sivil la, ke endividi mal entansyone nan zòn Kayòn te vòlò motè li nan ane 2021.

Li enpòtan pou konnen, chaloup pwoteksyon sivil sila la, pral jwe wòl anbilans pou transpòte lavi sila yo ki an difikilte e ki pral disponib pou sove lavi yon popilasyon ki evalye anviwon 50 mil moun.

Pwomèt yon lòt chaloup ki gen motè 40 pou vin soulaje mizè fanm ansent, ti moun piti ak gran moun ki malad, san konte divès ka, direktè jeneral pwoteksyon sivil la ki tap pale fè konnen yap fè tout sak posib pou pote yon solisyon ak pwoblèm nan.

Kritik yo pa manke salanbe gouvènman kokorat Ariel Henry a, ki pran plezi nan inogire ou fè pwopagann pou yon seri inisyativ tèt chat nad marinad ki pa fè onè pwojè nan kad gouvène yo peyi.

Sa se plis ke yon wont ak anbarasman, pou otorite san vizyon yon peyi, ap deplase e soti Pòtopwens ak Pòdpè pou inogire yon senp mote Yamaha pou yon chaloup sou zile Latòti! Se reyèlman tris pou gouvènabilite ak jerans yon peyi desann si ba!

Comments are closed.