Yon cha Pwofèt Mackenson pedi fwen e blese plizyè manifestan nan Petyonvil

Petyonvil__(TRiboLAND) Jodi 20 Oktob 2019 la, plizyè moun blese gravman grav nan Petyonvil apwè ke yon machenn ki te konvèti an cha pou Pwofèt Mackenson Dorilas pèdi fwen nan kad animasyon pandan pakou “Dezyèm Mach Atis yo,” yon joune manifestasyon pou reklame demisyon pwezidan Jovenel Moise.
Selon temwanyaj yon seri manifestan, cha-a pèdi fwen se akoz endividi ki te nan yon pikup ta sanble lage lwil sou wout panamerikènn nan e koz plizyè moun ta blese seryezman.
Pami blese yo, gen 2 moun ke Lakwa Wouj te transpòte lopital vit e pwese; konsa, otorite yo pa sinyale oken moun ki ta mouri nan aksidan sa.






