Kazèk premye seksyon Komin Bomon an, Pierre Marqueste Dorlus lanse yon apèl osekou pou peyizan yo nan komin Bomon.

07 – 25 – 2026
Bomon, Ayiti_____(TRiboLAND) Daprè deklarasyon Kòdonatè kazèk premye seksyon Komin Bomon an, Pierre Marqueste Dorlus, lapli ki pa tonbe depi anviwon twa mwa nan komin lan, genyen gro konsekans sou lavi peyizan yo an jeneral.
Selon kazèk Dorlus, tout jaden pwa, mayi, fig bannann, yanm, e kafe plantè agrikiltè yo pou sezon sa a pèdi, akòz lapli ki pa tonbe depi yon bon bout tan. Fas a ansanm pwoblèm sa yo ki frape kominote bomomtwaz lan, vinn pa genyen lajan kap rantre nan pòch moun kap travay latè yo. Mizè a vinn ogmante, moun yo vinn pa genyen ase dlo ak manje pou itilize nan fanmi yo.
Kidonk, Kòdonatè Kazèk Dorlus lanse yon apèl ijan bay enstans konsène yo tankoun leta, òganizasyon non gouvènmantal yo pou pote sipò bay popilasyon an nan komin Bomon ki nan detrès.






