Nòdwès: Prezidan Jovenel Moise bay yon jeneratris ak plantè yo nan zòn Polen/Lakòn

272

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan kad vizit Prezidan repiblik la, “Jovenel Moïse” nan depatman Nòdwès la nan dat 14 out 2020 an, li te rive bay yon jeneratris ak plantè yo nan zòn polen/Lakòn yon mannyè pou rive aroze perimèt Polen /Lakòn nan.

Kowòdonatè kazèk sizyèm seksyon an, Jimmy DERISMA ki remèsye Prezidan repiblik la ak minis jistis la yon lòt fwa ankò aprè yo te fin enstale yon sistèm pano solè ki ta pwal pèmèt plantè yo kòmanse fè awoze divès jaden.

Yon jeneratris, dapwè Mesye Derisma ki pwal pèmèt non sèlman plis plantè awoze moso jaden yo men tou rive jwenn plis dlo pou awoze lannwit kou la jounen.


Genson HYPPOLITE

Comments are closed.