Mali: 24 solda pèdi lavi yo nan yon zatrap

398

Bamako____(TriboLAND) 24 solda malyen jwen lanmò yo nan yon zatrap kont yon konvwa yè apwè midi dimanch 14 jwen an nan rejyon Diabaly, dapwè yon sous militè jodi lendi a. Dapwè Kolonèl Koné, ki se rapòtè fòs malyènn nan, genyen 8 sòlda ki arive rekipere.

Se atak ki pi fewòs ke fòs lame malyènn pa janm konnen depi dènye atak novanm 2019 la ki te okazyone plis pase 53 militè mouri tèt nèg.

Nan moman sa, oken gwoup pa revandike yon parèy atak ki arive fèt nan zònn Nò kapital la, Bamako a yon santènn kilomèt nan zònn Sid fontyè peyi Moritani.

Comments are closed.