Tristès anvayi komin Wanament aprè lanmò Donald Desamours, konnen sou non Samba Donald

03/24/2026
Wanament, Ayiti______(TRiboLAND) Samba Donald, yon mizisyen chantè, konpozitè mizik vodou, mouri nan lannwit vandredi 20 mas 2026, aprè li te pase plizyè jou ap lite ak yon maladi ki te afebli li anpil.
Selon sa plizyè moun rapòte, pwoblèm sante a ta kòmanse aprè yon seremoni vodou kote li tap chante. Gen moun ki ta fè kwè se yon kout poud Samba Donald resevwa; men enfòmasyon sa yo pa jwenn oken sipò sous ofisyèl. Genyen temwen yo fè konnen, pye atis la te vin anfle anpil anvan lanmò li.
Lanmò Samba Donald se yon gwo pèt pou mizik tradisyonèl ayisyen an, sitou nan zòn Nòdès la kote li te gen anpil admiratè.






