Senlwidinò : ouvèti lekòl ki te prevwa a, nad mari nad!

1,333

11-07-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Jan sa te anonse semèn pase a, sou tout tèritwa nasyonal la lekòl yo ap ouvri pòt yo lendi 07 novanm 2022 a. Dat la ta sanble pa respekte pou komin Senlwidinò. Kèk visit te fasilite ekip TRiboLAND konstate kèlkeswa piblik oubyen lekòl prive, yo tout te fèmen pòt yo; sof lekòl Lamenè ak kèk lekòl non-piblik ki anplèn preparasyon pou resevwa elèv kap vin lekòl pou la premyè fwa.

Ou ka konstate enspeksyon eskolè a tou ouvri pòt li byen gran, anplwaye yo prezan nan biwo yo ap tann travay yo pral ba yo fè pou jounen an. Direktè ak pwofesè lekòl ki ouvri pòt yo la tout ap tann gwoup elèv yo pral ba yo a. Bò kote paran ak elèv yo ta sanble yo poko pare pou yon rantre eskolè.


Paralèlman, yon lòt gwoup endividi menm, t’ap lanse yon eslogan “nou pap boule kay men operasyon kale paran, kale pwofesè ak direktè ap kòmanse lendi 07 novanm lan tou”. Yon presyon ki demotive anpil paran ak elèv yo pou kite pitit yo deplase pou al chita nan yon enstitisyon eskolè. Pou anpil paran se pa sèlman ouvri lekòl la ki pwoblèm peyi a, ensekirite, lavi chè, chomaj la, yo tout jwe yon wòl enpòtan nan ouvèti lekòl la.

Pou ouvèti lekòl la posib fòk gaz la rive nan ponp yo, e tout otan pri gaz la pa retounen nan 250 goud, lekòl la pap ka mòde. Yo ta pito soufri yon sèlfwa men pwoblèm lavi chè, ensekirite a rezoud yon fwa pou tout ki se pi gwo danje pou paran yo ak elèv yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.