Epòt Repiblik Dominikènn bat yon rekò, plis pase 14.4 milyon pasajè pou ane 2019

0 536

Sen Domeng__(TRiboLAND) Repiblik Dominikènn bat yon rekòd plis pase 116,390 vòl avyon komèsyal pandan ane 2019 la ki arive bay 14.4 milyon pasajè ki transpòte atravè pi gwo èpòt pwensipal yo dapwè yon Panèl Avyasyon Sivil (JAC).

Rapò JAC la, pou sèlman mwa Desanm 2019 la, anrejistre plis pase 1,247,001 pasajè ki te transpòte nan 10,353 operasyon.

“Malgre move eksperyans sou sitiyasyon touris la pandan ane 2019 la, konfidans sou mache entènasyonal la kanpe djanm, e ki pwojte pi bèl chif ekonomik pou ane 2020 an gras a yon seri akò peyi a sinye nan gwo evenman pwomosyon touristik onivo entènasyonal,” dapwè deklarasyon pwezidan Panèl Avyasyon Sivil la (JAC).

Leave A Reply