Lapolis deplòtonnen atravè tout depatman Nòdwès: anpil veyikil detente e konfiske

279

Pòdpè____(TRiboLAND) Gwo deplwaman ajan PNH nan tout depatman Nòdwès la, espesyàlman nan Pòdpè ki sanse boukle, barikade ak polisye UDMO ak polisye administrative ki sou bennzeng yo depi yè vè 6 è nan aswè madi 4 out 2020 an, pou rive jis jounen mèkredi 5 out 2020 sa a

Daprè enfòmasyon yo, lapolis te rive entèsepte yon machin blan, vit tente, san plak, san asirans, sou Wout Mònopè, Ri Bénito Sylvain, vil Pòdpè. Veyikil sa ki te genyen abò li yon polisye ak yon sivil.

Konsa, san pèdi tan, lapolis ki te akonpanye jijdepè tribinal depè Pòdepè a, Mèt Paul Blanc, nan moman an, kote aprè konsta legal yo, yo pa’t jwenn anyen anndan machin sa a. Sepandan, yo te arive konfiske l kanmenm answit plase ni polisye a ak ni sivil la sou siveyans anndan komisarya Pòdpè a, selon responsab komisarya Pòdpè a, komisè prensipal (CP/KP) Caille Vital Ernst.

Li difisil nan jou sa yo pou yon veyikil arive tronpe vijilans lapolis nan Nòdwès pou verifikasyon. Majorite veyikil ki pa ranpli fòmalite legal yo sanse detente e konfiske. Operasyon deplwatonaj sa yo antre nan kad mete lòd nan depatman an, notàmman nan vil Pòdpè pou kontwòl idantite, verifikasyon vinyèt e latriye anba lobedyans tchèk pwent, nan sousi pou rive kenbe trankilite piblik ak sekirite popilasyon Nòdwès la, toujou selon komisè Caille Vital Ernst.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.