Pou pi piti 4 polisye pèdi lavi yo nan moman atak nèg ak zam sou komisarya Bon Repo a.

888

02 – 29 – 2024

Kwadèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Polisyè Luciana Pierre ak 3 lòt polisye diminye efektif PNH la jounen jedi 29 fevriye 2024 la, apre nèg ak gwo zam manch long te fin deplwatonnnen pou te atake komisarya Bon Repos a.

Enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rive rekeyi bò kote responsab SYNAPOHA yo, ta fè kwè polisyè ki mouri a, se li menm ki tap mande ranfò atravè yon vokal k ap fè laviwonn dede rezo sosyal yo pou tap mande ranfò ak kòlèg li yo nan kwadèboukè, e pami lòt 3 polisye, 26e, 31 ak 32e pwomosyon yo figire yon enspektè polis.

Anpil lòt moun ki t al sou plas apre gwo dega yo, esplike bandi sangwen yo mete dife nan komisarya a, epi pote ale divès lo materyèl enpòtan.

Comments are closed.