Anplwaye ki te responsab sou gadinaj ak stockage nan pò Bewout la, plase an rezidans siveye

363

Bewout____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè nan laprès nan kad rezilta preliminè ankèt eksplozyon ki dechalbore kapital Liban an, minis pou “deplase yo”, Ghada Shreim konfime ke otorite peyi Liban yo deside mete an rezidans siveye moun ki te responsab pou gadinaj ak stockage pò Bewout la depi lane 2014, dat resepsyon stockage 2750 tonn nitrat amonyòm ki alabaz gwosè eksplozyon sa yo.

Nan moman sa, dènye bilan yo chita nan nivo provizwa; plis pase yon santèn moun mouri, yon santèn pòte dispari ak plis pase kat mil blese.

Comments are closed.