Ayiti/Vodou: Nominasyon nouvo ATI a kite move gou nan bouch Me Alix E. Compas.

2,718

Me Alix E.Compas,voye pye kont aksesyon Wa Augustin Saint CLOU nan tèt KNVA kòm nouvo ATI Nasyonal.

06-19-2022

Potoprèns, Ayiti______(TRiboLAND) Gwo eskonbrit pete nan tèt relijyon vodou a nan peyi Dayiti. Nap soulinye pou ou, aprè lanmò Euvronie Georges Auguste, ansyèn pwetrès la, anpil gwo tèt andedan pati a pami yo, mèt Alix E. Compas voye jete lide non sèlman yon swadizan nominasyon nan tèt KNVA men tou fè konnen pèsòn pa gen dwa itilize anblèm KNVA san konsantman yo.

Mèt la bò kote pal fè konnen, kèlkeswa moun kita itilize antèt, so ak anblèm KNVA a, yap pousuiv li devan m’en m’en tou yap riske mete l dèyè kat miray.

Pou mèt Alix, li rekonèt Saint CLOU kòm yon Ougan menm jan ak li, sepandan yon moun kipa konn “A” nan fèy malanga pata dwe nan 21e syèk sa a, nan tèt KNVA,paske se li menm kap gen pou reprezante relijyon an sou le plan rejyonal, nasyonal ak entènasyonal.

Plede anfavè yon lòt ATI, mèt Alix fè konnen Wà Augustin Saint CLOU nome andeyò tout prensip KNVA yo.

Li enpòtan pou konnen, KNVA se yon estrikti nan relijyon vodou a nan peyi Dayiti, ki reyini divès òganizasyon, konfederasyon, gwoupman ak rasanbleman vodouyizan yo.

Estrikti sa a, genyen nan tèt li, yon reprezantant nasyonal ki pote non ATI, ki vle di Saj oubyen Mentò entèlektyèl.

Comments are closed.