Dominiken yo ta sanble mete apse sou klou: plis pase yon 40 depo nan mache Dajabón nan bwile

881

10 – 11 – 2023

Dajabón, RD_____(TRiboLAND) Selon yon jounal byen konnu dominiken, Listín Diario konfime ke plizyè depo nan mache binasyonal Dajabón lan, kote machandiz komèsan ayisyen yo ki te fèmen nan dwànn ke otorite dominiken tap sekirize.

Selon jounal la, se depi senkè byen bonè nan maten jodi mèkredi 11 oktòb la, sèvis ponpye nan diferan minisipal Dajabón te deplwaye nan mache swadizan binasyonal la pout e tante etèn dife a.

Anpil obsèvatè konstate, se inik bò kote machandiz ayisyen te ye a ki bwile e piye; alòske otorite gouvènman rasis la te deja envite komèsan ayisyen yo vinn antre chèche machandiz yo nan ladwann.

Dapwè kèk responsab vil Wanament lan,  ki tap pran lapawòl, ta lonje dwèt sou otorite dominiken yo ki poze aksyon kriminèl sila ki vinn mete plis djak sou djak nan kriz ayisyano-dominiken an.

Comments are closed.