Direktè depatmantal sanitè Grandans lan, fè yon vizit evalyasyon nan lopital Sent Antwànn nan Jeremi.

359
0
Share:
TRiboLAND

02 – 28 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Direktè depatmantal sanitè Grandans lan doktè Pierre Boutròs Gally, ki te akonpanye direktè depatmantal Travo Piblik Grandans lan, enjenyè Kesnel Paris, realize yon vizit evalyasyon nan lokal lopital Sent Antwànn nan Jeremi.

Pou nouvo direktè depatmantal Sanitè Grandans lan, yon lopital kote moun ap vinn pwan swen, fòk lokal la fè prèv ke li pwòp pou mete espri rezidan yo an pè.

Nap raple depi aprè tranbleman tè 14 dawout 2021 an, lokal lopital Sent Antwànn nan Jeremi ap pran lanm e kapasite fonksyonnman li ye rete yon veritab agoni ki kreye plis malèz nan mitan popilasyon an Grandans lan ki pa gaya a.

Share:

Leave a reply