Ministè Agwikilti sinye 2 akò marasa ak Konfederasyon Swis

309

Pòtoprens___(TRiboLAND) Ministè Agrikilti nan tèt kole avèk Konfederasyon Swis atravè anbasad Swis ki nan peyi Dayiti pase paraf anba 2 akò mèkredi 29 jwiyè 2020 nan Damyen. Akò sa yo ap vize pou bay sèktè agwikòl yo bonjan jarèt grese sere.

Konsa, yo pral anjendre 2 program marasa: youn kap chita sou gouvènans tèritoryàl filyè agwo forestyè kakao ak yanm nan Gran Sid la (PROFISUD) ak yon lòt pou bay jarèt nan gouvènans agwikòl inikman pou Ayiti (PAGAI).

Selon Minis agwikòl la, Pierre Flaurus Patrix SÉVÈRE, program PROFISUD la ki pral chita sou kakao ak yanm nan ap gen pou kontribye pou ranfòsman yon gouvènans konplè e yon prodiktivite ak rantabilite sou latriye valè agwo forestyè an favè sèktè agwikòl yo. Sepandan, pou program PAGAI la, ki dekri kòm yon jarèt gouvènans agwikòl inik pou Ayiti, pral fasilite patisipasyon medam yo ak mesye yo nan eksplwatasyon agwikòl ak gouvènans sèktè agwikòl lokal la ak akonplisman ekonomik eksplwatasyon yo.

Nan yon entèvyou ke li bay laprès, Minis Sévère espere wè peyi Swis arive kreye yon mache pou kakao ayiti a ki se yon mèyè kalite atravè planèt la.

Comments are closed.