Ayiti-FAO: bon jan jarèt pou pwodiksyon agwikòl la

384

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan tèt kole ak Ministè Agwikilti ak Resous Natirèl e Devlopman Riral, Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo pou Alimantasyon ak Akwikilti (FAO) nan peyi Dayiti, te antreprann yon seri distribisyon semans agwikòl bay yon latri akwikiltè vilnerab yon fason pou yo pwepare yo nan peryòd pwentan an ak nan kad pou fè fas kare ak kriz ke pandemi kovid-19 la anjandre.

Aktivite agwikòl sa yo ki te fèt nan mwa Me 2020 an, nan zònn kote ke ensekirite lamanjay la ap bwase bil sitwayen yo, antre nan yon demach kanpay agwikòl ak entèvansyon responsab yo pou bay jarèt ak pwodiksyon nasyonal la yon fason pou reponn ak egzijans sekirite lamanjay ak nitrisyonèl.

Genyen yon total 9,900 foye (49,500 moun) kap fè fas ak pwoblèm lamanjay ki resevwa 134 tonn sereyal, legim san konte 7,9 milyon boujon patat dous ak manyòk. Distribisyon semans agwikòl sa yo repati nan depatman ki pi vilnerab yo tankou: Nòdwès, Nòdès, Nip ak Grandans.

Pwogram sa ki jwenn sipò finansyè peyi Bèljik, Fon Santral pou Entèvansyon Dijans, te jwenn egalman anpil gratitid bò kote diferan plantè nan zònn tankou: Mòl Sen Nikola ak Bonbadopolis ki deklare “semans onivo lokal chè anpil, se bagay tèt nèg! Konsa, nou reyèlman satisfè pou yon parèy sipò nan yon moman ke bezweb yo anpil,” dapwè plantè yo.

Comments are closed.