Florid: 2 pastè ayisyen mouri nan yon espas yon jou nan menm legliz

272

Florida____(TRiboLAND) Pastè Marcel Metayer, yon lòt pitit Nòdwès ki di planèt la orevwa madi swa ki te 28 jwiyè 2020 aprè plizyè jou ospitalizasyon nan Fort Lauderdale, Florida.

Premye lidè spirityèl fanmiy “Renaissance Evangelical Baptist Tabernacle” la, trè popilè nan milye eklezyastik nan kontre Broward la nan Sid Florid pou yon bon bout tan. Li se yon natif natal vil Pòdpè (Nòdwès Dayiti) kap milite pou epanouisman Levanjil Jezi Kri a plis pase yon senkantènn lane nan Etazini.

Selon kèk sous, lidè spityèl la ta sanble te prezante sentòm ki sanble tèt koupe ak kovid-19 la. Li mouri kèlke jou aprè yon bon peryòd nan inite swen entansif.

REBT ki se enstitisyon afekte a, ap viv yon dram djak sou djak! Yon bò, kretyen yo ap plere depa Senior Pastè a, Marcel Metayer e yon lòt bò depa Pastè asosye a, Charly Clervius ki mouri egalman jodi mèkredi 29 2020 an swit a enfeksyon kovid-19, daprè youn pami otorite tabènak la ki localize nan 3741 W. Broward Blvd Lauderhill, Florida.

Kondòleyans a tout kongregasyon REBT la ansanm ak manm fanmiy tou 2 lidè yo. Ke nam yoyo repose ak Lapè!

Comments are closed.