Popilasyon Kafou a pran lari nan efò pou mande majistra Jude Édouard Pierre rete nan plas li

337

Kafou, Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon group konsiderab pran lari nan Kafou jodi mèkredi 29 jwiyè 2020 an nan lide pou dezaprouve desizyon majistra manda fini an, Jude Édouard Pierre ki chwazi kite pòs la 31 jwiyè prochen malgre arête prezidansyèl la ki mande pou rekondwi menm katèl kominal la.

Pankat ak bandròl chaje avèk slogan tout kalite, mizik tanbou kata ak kadans ki pa panke eksprime supò 100% manifestan yo anvè majistra Jude Edouard Pierre ke yo ta renmen wè ki rete nan tèt konsèy munisipal Kafou a. Manifestan yo te profite lanse gwo toya kont yon ti ponyen ekip ki danse kole ak pouvwa an plas la ki vle pran tout pou yo alòske yo gen defisi moral. Yo vle fè dap piyanp sou meri a pandan ke yo pa genyen fakilte pou pou swiv yon seri projè ki deja anplas.

Manif sa ki te demare depi devan Sant spòtif Kafou a, te reyini yon pakèt kouch moun tankou sitwayen angaje, militan politik, profesyonèl, notab, eli lokal (ASEK, KASEC ak Delege vil), ak prezans ansyen depite Kafou a, Jacques Bovil ki te pote solidarite’l. Nou dwe raple, manifasyon sa fini san tèt kase!

Comments are closed.