2 jounen manifestasyon anonse kont profi dezonorab bank komèsyàl yo nan sèvis transfè

337

Sen Mak___(TRiboLAND) Plizyè òganizasyon nan sosyete sivil Sen Mak la mete tèt yo ansanm pou lanse 2 jounen manifestasyon lendi 6 ak madi 7 jwiyè yon fason pou bay yon repons a enstitisyon bankè nan vil la ki refize peye transfè lajan an dola ameriken.

Se konsa, dapwè Jean Baptiste Strovensky, chèf rapòtè Mouvement pour Sauver Haiti ki se youn nan òganizasyon ki epole aktivite protestasyon sa yo, deklare “li inasèptab pou bank komèsyàl yo ap achte dola ameriken an e pretann yo pa genyen l lè pou yo peye transfè yo an dola ameriken”.

2 Joune mobilizasyon sa yo pral òganize nan kad pou di responsab Bank repiblik Dayiti yo “NON”, sa pa kapab kontinye konsa e fòse yo pran responsablite yo nan yon parèy dezòd nan mache echanj lan kote ke y’ap fè gwo profi dezonorab sou do yon popilasyon ki pa kapab ankò, toujou daprè Mesye Jean Baptiste ki tap depoze.

Comments are closed.