SOS Basen Ble: plis pase 350 andikape lage 2 bwa balanse e tounen pwa tann nan rete tann otorite

321

Basen Ble, Pòdpè____(TRiboLAND) Plis pase 350 andikape nan komen Basen Ble, depatman Nòdwès, livre pou kont yo nan lari ak nan seksyon kominal yo .Pa gen oken enstans ki mande yo sa yo pote pou vann e janm panse ak yo ale wè pou yo ta konn egzistans yo.

Devan yon parèy sitiyasyon, anpil moun ap poze tèt yo kesyon ki wòl “bagay sa” ki rele Biwo Ministè Zafè Sosyal ak Lameri yo jwe sitou lè’w konnen djòb yo se vini an èd ak sila yo ki pi fèb e ki pi vilnerab. Otorite yo chwazi pa ouvwi zye sou popilasyon sa ki lage nan bouk Basen Ble 2 bwa balanse.

Alisaint Fritz, Prezidan APHPP

Konsa, se gras ak kè sansib bon pwochen ou Samariten ki arive fè yo bat bouch pa lafwa. Sepandan sitiyasyon pandemi kovid-19 la vinn rann lavi vilnerab sa yo pi konplike akoz 3 pa distans moun profite ba yo pou respè regleman sanitè yo, dapwè Mesye Alisaint Fritz ki se prezidan asosyasyon moun andikape yo nan Basen Ble (APHBB).

Mesye Alisaint ap mande pou BonDye arive frape kè lokatè Palè Nasyonal la ki pa panse ak andikape Nòdwès yo patikilyèman sa yo ki an agoni nan bouk Basen Ble. Yo mande prezidan pou fè yon jefò pou montre ke li genyen yon ti kwen nan kè li ki montre sansibilite anvè sa yo ki deja gen mobilite redwit kap naje nan mizè rere!

Saint Jean wiskis

Comments are closed.