Bwàs ap fèt, marèl ap jwe pou yon chemen dantant nan kriz peyi a; diskisyon ant Brian A. Nichols yo plis santre sou yon gouvènman tranzisyon, sekirite,  e kolera

1,663

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Vizit secrete Deta adjwen Etazini an, Brian A. Nichols nan Pòtoprens jodi mèkredi 12 oktòb 2022 a, mete an evidans plizyè rankont ak diferan sèktè ki gen pou wè ak nich kriz peyi a.

Akonpanye avèk chaje Dafè anbasad meriken an nan Pòtoprens, M.Eric William Stromayer, secrete deta adjwen blan meriken an, te rankontre jodi mèkredi 12 oktòb la, ak Fritz A. Jean, elu akò Montana a. Bat bouch yo te santre sou egzijans yon tèt kole nasyonal ak mete debout yon gouvènman tranzisyon pou reyalizasyon nouvo eleksyon yo, daprè Fritz Jean ki deklare nan yon twit ke Stromayer ak Nichols fè santi prewokipasyon peyi Etazini mache prese ka kolera yo ki akoz problem gaz ki prèske okazyone yon kriz imanitè san parèy.

Responsab ameriken yo te genyen egalman chans pou rankontre ak plizyè lòt aktè ki konsène nan deplwàtonay kriz la tankou: premye Minis elu Akò Montana a, Steven Benoît, Ted saint-Dic, Margalie C. Denis. Diplomat yo genyen egalman pou fè ti bat bouch ak sèktè prive a e avèk premye minis defakto Ariel Henry. Brian Nichols preconize yon akò an ijans ant pwotagonis yo.

Nap raple, evenman politik yo pa sispann miltipliye chak jou ki jou anndan peyi a; se kriz sou kriz, mizè ak ensekirite ap pran jarèt, dilatwà sou dilatwà fas ak yon pèp kap rele chalbarik dèyè Kò Group, LONI ak yon premye minis defakto koutche kap pete yon pèp ki detèmine pou kolon bòt mayas pa anvayi peyi a.

Comments are closed.