“Entreprise Lucmar”: Yon richès òganik nan Nòdwès

03-03-2019
By Jacob Bendallam
Si plizyè Nòdwezyen te fè tankou sèvo ki dèyè “Entreprise Lucmar a, fwanchman nou tap kapab rive pi lwen ak Nodwès. Imajine, anpil moun kap vanse atravè anpil lòt peyi, se konsa yo demare. Gen nan yo se avèk yon bak pistaj ke yo kòmanse. Gen sa ki pa fèb despwi, men poutan ki wè lwen antan ke visyonè; yo kòmanse ak ti bagay tou piti ke yo fè lakay e pi achemine li a yon kliantèl ki reyèlman bezwen li. Tou bagay sa yo chita sou debi kapasite yon bon antreprenè. Li toujou bon pou felisite moun kap panse e ki gen kreyativite sitou nan yon milye ki pa genyen ase resous.

Entreprise Lucmar se reyèlman yon bon egzanp de tout sa nou te kapab imajine pou yon lòt Nodwès. Yon varyete de pwodwi nitwitiv a baz òganik, fwanchman se mèyè machandiz ki trè rechèche atravè monn sa a. Pandan nap pale la, pwèske tout moun ap gade kòman yo kapab benefisye yon sante djanm; e sesi, atravè tout monn nan. Wap sezi wè, se prèske pwodwi òganik an poud twaka vedèt ou supèsta moun afè bon yo konsome. Yon pwodwi ki melanje ak OGM, (òganis jenitik modifye) yo rete lwen paske gwo chabwàk endistri tankou Monsanto, ta deklare se yo ki gen kle vant tout moun sou la tè, melanje oubyen modifye yon pakèt pwodwi natirèl avèk òganis chimik pou kreye trè rapid lòt pwodwi ki kapab nouri moun masivman. Pirèd, pi devan pwodwi toxik sa yo pwal koze anpil pwoblèm sante pou kò ou.
Gwo endistri sa yo fè eta de plizyè avantaj lè pwodwi a transjenik; tankou yo reziste kont kondisyon klimatik extrèm e yo pèmèt plantè yo economize kabiran ak mwens risk erozyon pou tè a. Poutan, anpil peyi pa danse kole avèk pwosedi manipilasyon jenetik yon seri òganism.
Trè souvan yo fè peyi afè pa bon yo ki fwape anba katastwòf natirèl kado pwodwi OGM sa yo, sou pretex pou soulaje mizè nasyon sa yo. Alòs ke toujou genyen yon vrè motif nan fè don pwazon sayo kap detwi sante nou e ki kònn fèt atravè yon pwogram agwo alimantasyon oubyen angrè.

Lucmar Entreprise se yon referans nan pwodwi òganik lakay. Anpil felisitasyon! Depi 1997, entrepriz sa fè yon non pou li sitou nan farinaj oubyen pulverize yon seri pwodwi lokàl tankou mayi, pitimi, pwa, banan, mayòk ak anpil lòt ki reyèlman trè rechèche nan sèktè moun ki rafine e klasik; ki reyèlman okouran de yon seri pwodwi pèpè ki pa òganik kap fè ravaj deyò. Lucmar, table kòl nan Chalè, Pòdpè, li se yon gwo non ki fè valè Nòdwès; nan yon espas pwòp e kondisyone ak tout nòm entènasyonal yo, li gen yon kolèksyon richès nitwitiv ki kapab fè moun viv lontan e an bònn sante!






