PHTK: Eudes Lajoie enplike nan plizyè ka dap piyant sou pwopwiyetè moun nan Petyonvil ak Fèmat

260

12/31/20

Petyonvil_____(TRiboLAND) Yon manda pote vini dèyè Eudes Lajoie, bwà dwàt pouvwa Jovenel Moise la, Direktè jeneral Service National Gestion des Résidus Solides (SNCRS). Lajoie ki pa sispan fè pale de li tout lajounen si tou nan pran kay moun, te prèske bat jij depè Petyonvil la, Me Phidélito Dieudonné ki deside pouswiv Lajoie pou outraj.

Aprè ke yon dàm nan Belvil, Petyonvil te depoze yon plent pou pwopwiyetè li ke yo ta sanble vòlè, jij Dieudonné ki te pwosede a konsta legal yo pat manke jwen anpil bouch di ak agresyon vèbal bò kote Eudes Lajoie ki pat rete anyen pou te fè ajan sekirite li pwosede ak arestasyon jij Dieudonné.

Sou kesyon fè dap piyanp sou byen moun, sa pa nouvo avèk Eudes Lajoie ki pa sispan akapare yon seri pwopwiyete moun nan konfyolo ak yon jij fanm nan Kenskòf, ki te jwen nominasyon’l nan kòmansman pouvwa Jovenel Moise la.

Daprè sous TRiboLAND ka fè konfyans, rezidans kote ke Eudes Lajoie t’ap pwatike mastubasyon an, se yon rezidans yon doktè retrete ki nan Duplan 2 nan Fèmat ke li arive akapare nan konfyolo ak PHTK. Eudes Lajoie genyen plizyè ane li pran rezidans doktè a ki nan moman sa ap viv nan Miami. Lajoie ki repentire e chanje numewo kay la toujou chèche mwayen pou bloke viktim yo jwen jistis.

Comments are closed.