FDA otorize yon tes kowonavirus nan sèlman 15 minit

0 524

Ofisye Federal Sante yo apwouve yon tès kowonaviris ki kapab pwodwi rezilta nan mwens ke 15 minit kote ke yap itilize menm teknoloji rapid pou tès grip yo.

Nouvo dyagnostik la ap kapab akselere pwosesis tès kowonaviris la nan peyi Etazini kap fasilite rezilta rapid nan ofis doktè yo. Sepandan ratman ekipman nesesè pou kolekte espesimenn pasyan yo, tankou mas, aplikatè ou mòp, kapab redwi enpak yo.

Administrasyon sou Manje avèk Dwòg otorize tès la pou sal dijans e reyalize ke regulatè federal yo satisfè avèk validite rezilta tès la e kwè ke avantaj li depase nenpòt risk fo pozitif oswa negatif.

Manifaktè tès la, Abbott, di ke li espere delivre plis pase 50,000 tès pa jou apati semènn pwochènn.

Leave A Reply