Yon lòt minit, yon lòt krim nan yon peyi san lidè

0 477

Pòtopwens___(TRiboLAND) Talè a la, se te tou pa Gaudy Salomon, yon ansyen ajan kò entèvansyon pou kenbe lapè ak lòd (CIMO) jwenn lanmò li ak tout pitit fi li nan Lasè, nan Kwa Dèboukè aswè a ki jedi 23 janvye 2020 an.

Mesye Salomon ki te soti pran pitit li lekòl te rankontre bab pou bab ak yon gwoup bandi ki tap trese lèl pou detounen yon veyikil, konsa yo te fè holdup sou ansyen anplwayè ministè ekonomi ak finans lan e yo krible machinn li anba bal. Fiyèt kit e nan machinn nan mouri e ansyen polisye a mouri alòske de lòt elèv lekòl kit e nan machinn nan blese seryezman anba bal e kouri transpòte nan lopital.

Se tout bon vre, dirijan yo kraze peyi a! Ki lès ki pral pwochen viktim nan, nan yon peyi ki reyèlman san chèf deta kote ke chak minit yon krim anrejistre?

Leave A Reply