Direksyon Jeneral OFATMA a sinye yon akò ak Anbasad Tywann pou ekipe nouvo lopital OFATMA a nan Nòdwès.

1,672

09-06-2022

Pòdpè, Ayiti_(TRiboLAND) Direktè Jeneral OFATMA a, Dr Carl François sinye ak Anbasad Chin Tywnan nan peyi Dayiti, yon protokòl dakò, jounen madi 6 septanm 2022 a, nan lide pou dote lopital OFATMA ki konstwi nan zòn Lasalin ki trouve li nan nòdwès peyi Dayiti.

Andedan pwotokòl dakò sa a, yon gwo magogo lajan ki estime nan yon bagatèl milyon sètsan swasant kenz dola blan meriken, pral depanse pou achte materyèl san konte yon sistèm solè ki genyen yon kapasite 50 kw.

Pou anbasadè Chin Tywann nan, Ku Wen-Jiann, akò sa a rantre nan kad yon finansman konplemantè ke peyi li reprezante a bay ak lopital OFATMA a nan Nòdwès, nan lide pou fasilite operasyonalite enfwastrikti medikal la, yon zèv ki genyen anpil pou wè ak volonte e rèv defen prezidan Jovenel Moise.

Comments are closed.