Sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon konfiske paspò Me André Michel

499

Pòtoprens___(TriboLAND) Paspò avoka, Mèt André Michel konfiske. Selon avoka militan an, ki deklare ke li rete kwè ke bagay sa pa lòt bagay sinon ke pèsekisyon politik.

Mèt la fè eta de tou yon seri baryè ak difikilte li jwenn chak fwa li fè tantativ pou rekipere renouvèlman dokiman vwayaj li nan imigrasyon, yo toujou fè’l konprann ke li anba entèdiksyon depa ki date depi 2013 pou rezon politik; yon desizyon ki te ranvèse nan lane 2014 jiskaske li te arive vwayaje nan lane 2015, selon avoka a.

André Michel estime ke se yon zak abitrè. “Mwen pa genyen oken entèdiksyon ki pandye sou tèt mwen, se yon bagay ki te fini depi 5 lane”, daprè André Michel ki kalifye yon parèy zak kòm “abi otorite” tap depoze e kenbe zonbi responsab yo nan Palè Nasyonal ki pase responsab imigrasyon yo lòd.

Comments are closed.