Alatèt depatman Polis Atlanta a demisyone apwè ke yon polisye touye anba bal yon afwo-ameriken

496

Atlanta____(TRiboLAND) Majistra Atlanta a, Keisha Lance Bottoms konfime ke Alatèt depatman polis la, Erika Shields ap demisyone kòm chèf polis apwè ke yon polisye envolve nan fiziyad yon afwo-ameriken Vandredi swa.

Majistra a pwesize ke se Shield ki chwazi pran desizyon demisyone e li pral genyen lòt wòl pou jwe nan vil la. Konsa, Rodney Bryant ap kenbe tèt polis la an atandan. Majistra egzije egalman demisyon polis ofisye a ki enplike nan lanmò Rayshard Brooks, 27 pandan ke li tap dòmi nan machenn li nan yon parking restoran Wendy.

Biwo Envestigasyon nan Jorjya (GBI) deja lanse yon envestigasyon sou koz lanmò Brooks ke GBI deklare ki tap rezistans nan moman arestasyon.

Comments are closed.