Pòdpè: plizyè sitoyen denonse sityasyon kritik Lise Franswa Kapwa

348

Pòdpè____(TRiboLAND) Malgre gouvènman Moyiz/Jout la anonse 10 dawou kòm dat pwobab pou re-ouvèti lekòl la, nan yon repòtaj korespondan TRiboLAND reyalize sou Lise Franswa Kapwa nan vil Pòdpè, plizyè sitoyen pa sispann denonse konpòtman iresponsab ak manfouben gouvènman an e mande yon minimòm kondisyon lojistik pou re-ouvèti Lise a.

Lise Franswa Kapwa (LFC) tabli kòl nan ansyen lokal Michel Benette la depi nan lane 2006 jiskaprezan ap monte yon maswife akòz teknisyen nan edikasyon ak zotobre nan politik la ki pa janm di yo mo pou retiré Lise a nan mal site ak mizè rere.

Tankou imaj yo montre sa, se yon lise kole pyese avèk tòl, degrade, dekonstonbre, depareye, degrenn gòch, zèb ak pikan kwannan san konte kabrit kap taye banda, ki tèt koupe ak yon pak zannimo ki ranplase yon strikti lojistik desan ou yon anviwònnman nen nan machwè ki konvenab pou enstwi krityen vivan.

Devan yon sityasyon parèy, sitoyen yo nan zòn anba lavil pòdpè, raple gouvènman Moise/Jouthe la ansanm avèk politisyen lokal ki atrap tout sa ki pou Nòdwès ke edikasyon pa yon privilèj men pito yon dwa ke manman lwa peyi a garanti chak sitoyen ak sitoyèn.


Sitoyen yo mande ak gouvènman an ede yo konprann sa kap fèt! Ki kote tout gwo tonton pwomès konstwiksyon lise ki te fèt sou baz kòb palmantè yo ki pa nan fonksyon ankò? Konsa, yo swete wè se pa yon pawòl dodo meya; yo mande pou gouvènnman Moise/Jouthe la fè yon “ti jès byenfezan” pou retire Lise Kapwa Lamò ak plizyè lòt etablisman skolè piblik nan depatman an nan fatra e rann yo nan yon eta operasyonèl pou delivre pen enstriksyon.

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.