Nò/Arestastyon : Lapolis nan Kap Ayisyen poze lapat sou plis pase 9 gang sangwen.

2,944

05-14-2022

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nò peyi Dayiti fè divès kout filè sou divès manb yon ansyen group gang ki te pote non “Piti”, ki ta pral tonbe anba bal fòs lòd PNH yo nan depatman Latibonit, patikilyèman nan awondisman Gwomòn. Pami 9 endividi sa yo genyen :

1-Blanc Davenson ki genyen 30 rekonèt kafe sou tèt li e li se yon natif komin Gwomòn.
2-Frederic Mionche 27 lane, moun Rankit ;
3-Accile Phanel 34 lane, piti Gwomòn ;
4-Yvert Evens, 33 lane, pitit Lenbe;
5-Peterson Cadet 21 lane, Moudtik Gwomòn ;
6-Prince Eddy 27 lane, pitit komin Gwomòn ;
7-Cadet Lucien 28 lane, Kwadèboukè ;
8-Guinel Alcé 23 lane, moun Pinyon
9- yon enkoni 29 lane ki sòti nan zòn Gwomòn egalman.

Endividi sa yo, dapwè enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND, fè kwè yo tap eseye monte baz yo nan Mòn Wouj ki lokalize a kèlke kilomèt dezyèm vil peyi a.

Remak yo montre, nan dènye jou sa yo bandi pa gen dòmi. Yo gaye e ap pran lyann nan tout direksyon pou echape anba koukouwouj san pran souf fòs lòd yo lage nan flite bandi sangwen atravè peyi a.

Comments are closed.