Chèf G-9 la voye pye apwè konferans “pale mete la” Ariel Henry ak Léon Charles la

2,089

09/07/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Apwè rankont Conseil Supérieur de la Police Nationale (CSPN), pwemye minis Ariel Henry rankontre avèk lapwès nan kàd pwewokipasyon gouvènman l lan sou deteryorasyon sekirite piblik la ki plis chita sou kidnapping ak bandi sangwen kap simen laterè ak dèy atravè kapital la.

Nan menm rankont sa, Léon Charles ki se alatèt jeneral a.i PNH la te pwofite rasure popilasyon an fas ak twoub ensekirite a kap vale teren. Konsa, li anonse pou yon lòt inyèm fwa adisyonèl mezi ou detèminasyon fo pwomès ak desen anime ki toujou pa kanpe sou anyen, sinon ke deklare ke lapolis ap rive sou yo kanmèm avèk menas: “Vitelhomme ou se yon bandi, ou pa ka fè tèt ou pase pou antreprenè”, dapwè Léon Charles ki tap voye moute.

Pou anpil kritik, pa gen dout, se rablabla fo dirijan inyoran ou initil ki pat dwe ap pale sou moun toujou. Kòman yon chèf lapolis arive toujou an fonksyon pandan yo asasine yon pwezidan repiblik anba bouch li swa dizan direksy PNH initil.

Paralèlman, alatèt G-9 la ki se egalman lidè Fòs Revolisyonè, Jimmy Cherisier alyàs “Barbecue” pat pran tan pou reponn Léon Charles e trete l de tchoul boujwa kap pran lajan pou atake bandi. “Barbecue” menase pou li bwè yon kafe anmè ak Léon Charles e mande l retounen al remèt lajan chango a ale.

Comments are closed.