Ensandi : Yon kay kankannen rapyetè tè nan Lakwa Sen-Jozèf

3,657

05-23-2022

Lakwa Sen-Jozèf, Pòdpè______(TRiboLAND) Yon kay kankannen rapyetè tè, se aksyon baz gang Erick Prosper nan Lakwa Sen-Jozèf.

Yon chèf gang anjandre ki pote non Erick Prosper kap opere nan zòn Lakwa Sen-Jozèf, depatman Nòdwès pase anba flanm dife kay yon tonton Watson Georges, swadizan yonn nan asasen Dosou Prosper, ti frè chèf gang Erick Prosper.

Zak kriminèl sa a rive poze nan samdi 21 me 2022 a, yon ti bout tan aprè chèf gang lan te fin touye Georges ensikoni, Papa Watson; nan zòn Kola, yon rejyon avwàzinant Lakwa Sen-Jozèf.

Chèf gang kriminèl la ki, konsidere asasinay ki te fèt sou ti frè l la kòm yon defèt. Sèmante sèt fwa swasant-disèt fwa, li pap bay vag e promèt nan jou kap vini la yo pi gwo dega pral anrejistre. Seri zak kriminèl sa yo, mete move gou nan bouch abitan yo epi fòse yo kite andeyò pou pran direksyon vil Pòdpè.

Poze kesyon pou konnen, èske Lapolis ak lajistis pa enfòme sou seri zak kriminèl sa yo? Pou anpil moun lapolis ap dodomeya epi lajistis ap brase sitou aprè otorite kap vann jistis yo te deside libere san kondisyon yon gro chèf gang ki te egzekite yon enspektè polis (Johnny Brucette) anndan sou-komisaryà komin Basen Ble.

Comments are closed.