Kriz gaz nan Pòdpè: galon gazolenn ap vann 400 pou rive 750 goud

374

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depatman Nòdwès, vil Pòdpè anpatikilye ap travèse yon moman ki vrèman iritan. Apa lavi chè a, kote tout pri pwodui pwemye nesesite yo monte 17 wotè, gen yon kriz gaz ki vinn mete plis galimatcha nan lavi kotidyènn chak sitwayen.

Ou ta di se yon konsiy, tout ponp yo fèmen! Se ak anpil difikilte pou chofè veyikil yo ansanm ak antrepwenè yo rive alimante yo an kabiran. Se machann kap vann gaz atè ki sèlman a lonè. Yon galon gazolenn ap vann 400 pou rive 750 goud atè aloske nan ponp yo, se 225 goud men pwopwiyetè yo pa deside louvwi ponp yo.

Chofè transpò yo ansanm ak biznismann yo ki estime se yon konfyolo ant pwopwiyetè ponp yo ak ti machann atè yo k ap achte gaz nan ponp yo pou fè mache nwa, pa mete dlo nan bouch yo pou kritike pouvwa anplas la yo di k ap trete popilasyon an tankou bèt.

Toujou, daprè 2 antite sa yo (chofè/bizizmann), depi yon prezidan oswa yon gouvènmann p ap panse pou pèp li, prezidan sa a oswa gouvènman sa a pa menm gen konpetans ase pou jere menm yon katye.

Saint Jean Wiskis , TRiboLAND

Comments are closed.