Kovit-19 touye yon Iranyen chak 10 minit

0 365

Teheran___(TRiboLAND) Ministè Sante Piblik peyi Iran estime ke maladi kowonaviris pran lavi yon moun chak 10 minit nan peyi a, dapwè yon rapò ki soti jodi Jedi 19 Mas 2020 an nan Teheran.

Senkant iranyen kontakte viris mòtèl la chak yon èd tan, dapwè pòtpawòl Ministè Sante a, Kianoush Jahanpour atravè IRNA, ajans ofisyèl nouvèl nan peyi Iran.

Nan yon tweet li mete deyò, Jahanpour ankouraje popilasyon an pou yo rete selebwe “Nowruz”, nouvèl ane a anndan lakay yo fwa sa.

Se te yè Mèkredi a ke Kovit-19 la te arive nan 4 chif pou pwemye fwa anndan peyi a, avèk yon afè de 1,135 moun ki mouri, dapwè enfòmasyon television lokal yo.

Depite Ministè Sante a, Alireza Reisi konfime 147 moun mouri nan mwens 24 èd tan yo, pandan ke yo anrejistre 1,192 nouvo ka, ki venn bay yon total 17, 361 ka.

Yon doktè ki tap travay nan yon lopital nan Teheran arive mouri yè Jedi a. Jiska pwezan, genyen yon total de 10 doktè ak 4 enfimyè ki mouri anba Kovit-19 la nan peyi Iran.

Selon konpilasyon data yon Université peyi Etazini, Johns Hopkins, genyen plis pase 219,000 ka konfime kowonaviris atravè tout monn lan depi mwa Desanm dènye. Kantite moun ki deja mouri anba viris la deja plis pase 8,900, pandan ke plis pase 84,000 malad arive trete.

Leave A Reply