Kosome vejetab biblik, bay yon sante djanm

0 441

Mèkredi 12 Novanm 2019

Pandan ke yo te nan dezè-a ap mache pasi pala, pitit Izrayèl tap panse seryezman ak yon seri konkonb, melo, powo, zonyon, lay ke yo te konn manje panda yo te nan esklavaj nan peyi Ejip (Nonb 15:5).

Jodi-a nou konnen trè byen vejetab diminye grès nan kò moun e li ogmante quantite fib ki pwomote bon jan dijesyon. Yo ranfòse mineral e redwi move kolestewòl ak sodyòm. Vejetab trè fèb onivo kalori.

Labib mete anfaz sou yon pakèt plant ki gen anpil fib ki montre ke ansyen pwofèt yo te trè avanse nan konpwann divès fason ki pèmèt sistèm dijestif yon moun mache swa. Lasyans modènn bay moun sa yo anpil kredi pou tèt yo te konnen kòman pou yo te pwomote sante avèk yon seri plant ki byen espesifik. Pami plant sa yo ou jwenn: chou vèt ak chou wouj, chou frize, bwokoli, pwa boujonnen (jème).

Anpil etid montre ke moun ki manje chou anpil redwi ris kansè lakay yo, espesyàlman kansè kolonn ak rektal. Konsa, genyen 2 sibstans ki pwomote benefis sa. Chou pwodwi 2 sibstans chimik ki rele indol e dityoltyon. Jeneralman, tout plant ki konpoze fanmiy chou yo toujou rich an kawotenn (pwe-vitaminn A) e vitamin C, ki trè koni pou konbat kansè ansanm ak ostwopowosiz.

Konsome vejetab biblik swa an salad oubyen ji, se mèyè disiplinn yon kretyen kapab entwodwi nan manje ke lap manje chak jou. Plant bay anpil fib ki ede moun netwaye sistèm entènn nou. Yo genyen anpil vitamin, mineral ak lòt eleman nitritif ki kapab ban nou yon sante djanm ak derasine tout vye maladi.

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply