Kowonaviris: Gouvènman defakto a redwi pèsonèl biwo yo a 50% e fèmen tout lòt sèvis ki pa twò nesesè yo

623

06/12/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Akoz kowonaviris la kap vale teren atravè peyi a, gouvènman defakto Jovenel Moise adopte lòt mezi adisyonel yon fanson pou ranfòse dispozitif 22 me 2021 an ki gen pou wè avèk ijans sanitè.

Konsa, tout enstitisyon piblik ak pwive egzije pou yo redwi nan efektif biwo yo jiska 50% ak fèmen yon seri sèvis ki pa si nesesè ke sa, jan sa te soti nan sikilè 5 jwen 2021 an. Pou medàm ansent yo ak ajan piblik yo ki nan làj 60 lane, sa yo ki afiche yon patoloji ki sispèk e ki kapab agrave sante yo akoz enfeksyon kowonaviris la, e tout sa yo ki teste pozitif oubyen ki afiche sentòm ki tèt koupe ak kowonaviris la, dwe evite pwezante tèt yo nan biwo, dapwè sikilè a.

Gouvènman an konstate malgre sitiyasyon kowonaviris la alamant, mòtèl e ka kontaminasyon yo pa sispan moute balkon; mezi pwotokòl yo toujou pa respekte nan nivo transpò. Konsa, yo egzije tout machin ki nan sèvis transpò a dwe redwi a 50% kantite pasajè yo ap transpòte. Anplis, se yon obligasyon pou tout moun kap itilize sèvis transpò mete mas yo yon manyè pou respekte distans fizik la.

Ajoute a sa, gouvènman an alète tout machann ki sou twotwà yo ak sa yo kap pwomene, li envite yo rete lakay yo. Supè mache kap fè tranzaksyon similè, dwe limite kantite moun kap antre vin pran sèvis”, dapwè sa chèf gouvènman an fè sòti nan yon dokiman.

Comments are closed.