Sitwayen Senlwidinò deside monte tant yo devan Palè Jistis Pòdepè, vandredi 14 out 2020

241

Senlwidinò___(TRiboLAND) Yon group sitwayen nan komin Senlwidinò ki te rann yo nan kòmansman semèn nan, nan biwo tribinal de pè, lameri ak komisarya vil sa a, pou pwoteste kont fenomèn ensekirite a kote bandi gang ame ap taye banda.

Sitwayen sa yo ki pa’t mete dlo nan bouch yo pou kritike konpòtman woule’m debò otorite lameri, lapolis ak lajistis nan Senluidinò yo di ki kwaze bwa devan aksyon bandi yo ki pa pran lavi moun pou anyen. Se konsa, group sitwayen konsène sa yo deside al plante pikèt yo, demen vandredi 14 out 2020 an, devan Palè Jistis Pòdpè a. Obejektif la, se pou al kesyone otorite yo nan aparèy Jistis Pòdpè a yo di ki pa janm di yon mo sou kantite krim ak divès lòt dega bandi sa yo ap komèt sou popilasyon Senluidinò a, yon popilasyon selon sitwayen sa yo, ki te deja ap naje nan mizè ou mal site.

Sitwayen avèti sa yo fini pou di randevou a kase devan Palè Jitis Pòdepè a vandredi k’ap 14 out 2020, bò 10h nan maten, pou y’al fè ti bat bouch ak otorite yo nan Jistis Pòdpè a paske selon sitwayen sa yo, jistis ap penyen lage. Yo konsevwa ke li pa posib pou gang, chimè, bandi chita ap vòlò, piye, touye answit vyole tifi devan je paran yo san pa gen egzanp ki trase.

Popilasyon Senluidinò a di lajistis ak lapolis jwèt pou nou! Bandi gen 2 chwa: prizon oubyen simityè!

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.