Legliz Mahalaleel pran yon lòt gwo fwàp : Pastè Claude Louissaint lage sa!

2,983

02/03/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon entèval 2 semèn legliz Mahalaleel pèdi 2 pastè; selon sa ke yon pastè ta konfye sal redaksyon TRiboLAND, pastè Claude Louissaint ki te nan tèt legliz Mahalaleel nan Delma 33 mouri jodi jedi 3 fevriye 2022 a nan yon lopital nan kapital la.

Pastè Louissaint ki te yon pilye ou poto mitan nan delivre yon levanjil 4 X 4 depi sou rejim kraze bwize Duvalier yo, te konnen nan jou sa yo malèz malmakak ki te oblije li ospitalize pou plizyè jou. Pou kèk moun, se ta kapab move nouvèl sou resan zak asasinay ou lanmò  pastè kolaboratè’l la, pastè Jean Matthieu Chériné ke bandi sangwen te fiziye, sa genyen apepwè 2 semèn.

Pastè Claude ki te genyen yon emisyon vedèt nan ane 1980 yo ki te titre “Baboukèt la Tonbe” sou radyo Lumyè pou yon bon bout tan, ap rete nan memwà kominote eklezyastik la kòm yon entèlèktyèl konsome, chantè evanjelik enpekabyon, dirijan fouge, discipline e pragmatik.

Sa pa genyen lontan depi ke li te deklare atravè pwedikasyon li ke pa genyen oken kote nan labib ki entèdi yon dirijan genyen zàm sou li anndan legliz Bondye a nan kad pou kretyen pa kite kidnapè ak bandi sangwen fè ladènye sou yo.

Se kou sou kou, djak sou djak pou legliz Mahalaleel ki te deja gen dlo nan je. Kondoleyans a yon parèy enstitisyon, fanmiy ak zanmi ke yon parèy dèy lage plat atè! Pastè Claude Louissaint te genyen 73 lane; ke nanm li repoze nan lapè etènèl.

Comments are closed.