NÒDWÈS: jij tribinal depè Pòdpè yo fè yon trèv

547

Pòdpè___(TRiboLAND) Dapwè jij titilè AI tribinal pòdpè a, Me Paul Blanc,
mouvman revandikasyon ak bon jan kondisyon trètman ki te tanmen nan dat 1e jwen 2020 ak divès jiridiksyon nan peyi a, rive jwenn yon solisyon an pati ki pèmèt yo rive fè yon trèv jounen jodia ki se 2 jwiyè a.

Titilè AI tribinal la di l konsyan dèske te genyen anpil jistisyab ki tap soufri men malerezman sak rive a se konsekans moun ki la ki pa rive asime responsabilite yo.

Li kontinye pou l di, koulya kèlke swa moun nan kapab jwenn sèvis paske yo deja disponib e dispoze men si tout fwa pawòl yo pa respekte, menm bagay la pral la ap gen pou rekòmanse ankò!

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.