NÒDWÈS/JISTIS: Yon avoka rele amwey pou piblikasyon nouvo kòd penal zèl ravèt gouvènman Moise-Jouthe la

471

Pòdpè____(TRiboLAND) Me Moclès Jn-Baptiste Avoka bawo pòdpè a move kou kong kont piblikasyon nouvo kòd penal zèl ravèt Prezidan Jovenel Moïse la ke l takse kòm mò/ne.


Nan sa ki konsène lejislasyon penal ayisyèn nan ki li menm date depi 1835 sou Prezidan Boyer, merite jwenn yon pase men akòz sosyete a ki an evolusyon. Men sepandan, pou li menm, yon dokiman ki gen tout enpòtans sa a pata sipoze twouve l anba men prezidan an ak tout kòkòday li. Kidonk, se yon bagay ki konsène inikman palmantè anndan peyi a.

Yon nouvo kòd penal ki daprè Avoka a vinn devalorize tout valè andedan peyi a tankou: valè repiblikèn, moral ak demokratik.

Pou fini, avoka bawo pòdpè a soulinye pou l di, yon peyi ki deja chaje divès pwoblèm tankou: ensekirite, lamizè, lafen poun site sa yo sèlman se sou yo pou Prezidan repiblik la ta dwe panche. Men kant pou nouvo kòd penal la, se yon bagay depaman ki dwe pèdi nan poubèl listwa!

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.