Dola a nan depatman Nòdwès peyi a resevwa yon gwo pataswèl

1,540

Dola ameriken an ki tap pike monte resevwa yon gwo kalòt alòske pri pwodui premyè nesesite yo kontinye ap pike pou pi douvan.

08-27-2022

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan nan peyi Dayiti notaman, nan depatman nòdwès la, dola a pa sispann vale goud la,sa ki lakòz pri pwodui premyè nesesite yo ap kannale monte pi wo, chak jou pi plis.

Yon fenomèn ekonomomis yo nan peyi Dayiti gen difikilte pou esplike, lè yo konsidere yon moun ap bezwen anviwon 31 goud pou yon dola sou mache enfòmèl la ki nan yon bat je, desann 18 goud sèlman.

Dola a resevwa fwap makiye sila, swit aprè gouvènè Bank Santral la, Jean Baden Dubois te fè konnen yo enjekte sou mache a 150.000.000. US, nan lide pou anpeche goud la desann nan twou ak kont gwo sakad dola blan meriken an.

Li enpòtan pou konnen, se pa pou premyè fwa leta ayisyen fè izaj metòd enjeksyon dola sou mache a; sepandan pou anpil moun, se yon seri desizyon kosmetik ki plis ale anfavè gro komèsan mafya yo oubyen ki la sèlman la pou makiye goud la.

Comments are closed.