Jij Andal Jean Baptiste deside voye Enj. Rudolph Nemorin (Roro) nan depo, aprè odisyon jidisyè nan vil Pòdpè

11/17/2025
Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan kad envèstigasyon sou gagotaj 5 milyon dola plan espesyàl Nòdwès la, sou gouvènman Michel Joseph Martelly ak Laurent Lamothe la, Enjenyè Rudolph Nemorin, yon natif Mòl Sen Nikola, jwen arestasyon li nan vil Pòdpè aprè midi jodi lendi 17 novanm 2025 la.
Selon enfòmasyon ki arive nan sal edisyon nouvèl TRiboLAND, Enjenyè Rudolph Nemorin jwenn arestasyon aprè yon odisyon devan Jij Andal Jean Baptiste jodi lendi sou dosye tèt chaje nan kad 5 milyon dola gagotaj sou plan espesyal ki te dezinye pou konstriksyon yon latriye estad nan Nòdwès peyi a sou PM Laurent Lamothe.
Aprè odisyon Nemorin, Lajistis ta tou pwofite mete kòd nan kou Enjenyè a ki te responsab Konplèks Milti-espò ki pat menm kòmanse konstwi alewè pou li ta fini. Antouka, konstwiksyon sila ak yon latriye lòt pat janm kòmanse, alòske fim “AC Constrution“ Rudolph ta chwazi pake gwo magogo nan lajan sila, e pa delivre sèvis la.
Konplèks la pa fèt, lajan pase an gagòt; se te sèlman kloti teren an ki te fèt; anyen pa delivre. Nap raple, se yon teren ke swa dizan leta a te fè men miz sou li an dap piyanp; li te pwopwiyetè Mèt Herard Louis, yon sitwayen byen koni nan vil Pòdpe kap viv aktyèlman nan peyi Swis.
Antouka, Rudolph Nemorin alyas “Roro” trouve li anba kòd nan vil Pòdpè, alòske genyen anpil lòt annafè ki konte pran kòd, nan kad gagotaj ak sirotaj nèg men long ki tap pyafe nan koripsyon sou gouvènman Martelly-Lamothe la. Ke zèv yo swiv yo!






