Plis pase 6 moun mouri nan yon gwo fiziyad nan Gantye

467

Gantye__(TRiboLAND) Yè aprè midi jedi 25 jwen an, nan zònn Gantye espesyàlman nan basyon aktivite administratif yo se te sitiyasyon panik avèk yon swadizan depòte ki ta gen problèm bonnanj tap ouvwi kout zam sou tout moun ki te sou wout li.

Selon temwanyàj plizyè rezidan, mesye sa ta mete men sou yon zam nan machenn yon lòt moun ki te pake e tonbe tire sou tout moun ki te sou wout li. Pou pipiti genyen plis pase yon demi douzènn moun ki mouri anba bal avèk yon pakèt lòt ki blese; pami yo ou jwenn pitit gason mèt zam nan ki te nan machenn nan. Se yon veritab dram pou moun Gantye!

Konsa, popilasyon Gantye a te arive mete men sou mesye sa ki ta sanble yon malad mantal; yo touye l sou plas e sa bay yon total 7 moun ki mouri nan dram fiziyad sa ki rive nan depatman lwès peyi a.

Comments are closed.