Endividi pèsòn pa rive idantifye simen kout bal sou Sant livrezon dokiman paspò ak pyès idantite nan Twoudinò.

638

03-24-2023

Plizyè sitwayen kite vin retire paspò yo blese, se bilan kout bal nan direksyon sant livrezon dokiman paspò ak pyès idantite, jounen vandredi 24 Mas 2023 a.

Twoudinò, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon gwoup endividi pèsòn pa rive idantifye tire gwo kout bal nan direksyon sant livrezon dokiman paspò ak pyès idantite nan Twoudinò, jounen jedi 24 mas 2023 a.

Dapwè direktè sant livrezon an, Sara Alkendy, aprè ensidan sila ki tap pral mete dlo nan zye anpil fanmiy, pat gen lòt chwa ke fèmen biwo a sou lòd gwo zotobre nan Pòtoprens .

Direktè la, ki tap pale kòm yon papa bon kè, di moun ki sòti lwen ki poko jwenn sèvis yo, lap mete sal genyen disponib pou yo, konsa yo kapab retounen lakay yo san pwoblèm.

Jn Simon Manex

Comments are closed.