Kwà Dèboukè: 17 misyonè ameriken kidnape nan Gantye

2,112

10/17/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Yon sous polisyè fè eta de 17 misyonè ameriken pami yo 3 ti nosan kidnape anba pwent zàm gang sangwen ame nan Ganthier.

Misyonè yo tap antre nan kapital la apwè ke yo te fin vizite yon òfelina. Aksyon kidnapping nan poze nan Ganthier, nan Tremblay 17, komin Kwadè Boukè yè samdi 16 oktòb 2021 an. Misyonè sa yo ki afilye ak Christian Aid Ministries nan Eta Ohio, selon Washington Post tap antre nan direksyon Nò kapital la apwè ke yo te fin vizite yon òfelina.

Konsa pou anpil moun, yon parèy ak baba deja genyen anpwent gwoup gang sangwen “400 Mawozo”, ki gen abitid fè kidnapping masiv e ki gen kontwòl tèritwà kote etranje yo tap sikile a.

Yon sous konfime bay TRiboLAND ke youn nan misyonè yo te gentan voye yon mesaj sou Whatsapp ki titre: “Silvouplè, silvouplè pwiye pou nou; yo kidnape nou e nou pa konnen ki kote yo pwale avèk nou”.

Byen avan dènye zàk malonèt say o sou etranje yo, yon òganizasyon kap fè etid ak rechèch nan domèn dwa moun te konfime ka kidnapping yo moute balkon a 300% depi mwà jiyè 2021 an. Li te kontabilize yon total 628 ka kidnapping depi mwà janvye 2021 an; pami yo genyen 29 etranje.

Comments are closed.