Utah: Yon jènn ti gason tire e touye 3 timoun ak yon fanm nan pwòp fanmiy li

0 365

Utah/USA___(TRiboLAND) Yon jènn ti gason nan Utah, Arizona gen plizyè chèf akizasyon ki tonbe sou li apwè ke li tire e touye 3 timoun piti ak yon fanm san konte yon senkyèm moun ki blese e ki ap pran swen nan yon lopital nan Grantsville yè Vandredi an, dapwè otorite lokal yo jodi Samedi 18 janvye 2020.

Tout viktim yo se mamb fanmiy ti gason fiziyè a, e yo tout se yon sèl kòt fanmiy, dapwè Deseret News nan Utah. Nan yon pwemye tan, rapò yo te fè eta de yon, men lapolis te chwazi pa publiye non li paske li se minè.

Konsa, koupab la genyen plis pase 10 chèf dakizasyon kriminèl ki pandye sou li. Majistra Gransville la, Brent Marshall ki tap vizite plas ensidan an tap pwezante kondòleyans e deklare ke otorite lokal yo kontinye ap fouye zo nan kalalou yon fason pou detèmine ki sa ki motif fiziyad la.

Konsa sispèk la te jwenn arestasyon li nan lopital la e transfere nan yon sant detansyon pou jènn ti moun.

Leave A Reply