Jij Diogène Ardisson odisyone ansyen tòsyonè FRAPH la nan vil Gonaiv

421

Gonaiv__(TRiboLAND) Selon jan ke anpil òganizasyon kap defann dwa moun melanje ak sèktè kap defann fanmiy viktim Raboto yo te swete wè li, Emmanuel Toto Constant parèt devan yon jij tribinal nan Gonaiv jedi 25 jwen 2020 an.

2 jou apwè antre li kòm depòte peyi Etazini, ansyen alatèt FRAPH la trouve l nan plas krim nan kote ke l ap reponn kesyon Lajistis. Jij Diogène Ardisson te odisyone Toto apwè ke yon manda depo te emèt kont li.

Konsa, aktivite pouswit jidisyè yo gen pou etabli nan jiridiksyon Gonaiv, kote egzakteman Toto te masakre plizyè fanmiy nan divès katye nan Raboto, 22 jwen 1994. Konsa, ansyen ajan CIA a te jwenn kondanasyon l pa koutumas paske li pat an Ayiti.

Anpil moun estime se yon ti pa pozitiv pou jistis peyi a e yon mesaj tou pou sa yo kap komèt krim kont sa yo ki vilnerab e eksplwate.

Comments are closed.