RNDDH mande pouvwa anplas la pou sispan proteje gang atravè peyi Dayiti

296

Pòtopwens____(TRiboLAND) Réseau National de Défense des droits Humains (RNDDH) mande gouvènman Jovenel Moise la mete yon fwen nan aktivite reselè ak proteksyon pou chèf gang anndan peyi a.

Nan yon rapò ke li fè sòti yè madi 23 jwen, gwo chabwak RNDDH yo denonse kòkòday ak mare sosis ki egziste ant gang ak pouvwa anplas la. Pouvwa a kap chèche gen kontwòl gang yo an preparasyon pou mete yon machenn tèrè, entimidasyon ak kontwòl pou yon seri vot elektoral ki nan katye (Pon wouj, Waf  Jeremi e latriye) ki pa danse kole ak pouvwa a.

Chèf gang sa yo ki transfòme kòm ajan federal G-9 e ki reprezante yon koalisyon bandi ki gen kòm alatèt Jimmy Chérisier alyas “Barbecue” gen men yo tranpe nan yon pakèt zak asasinay nan plizyè katye popilè yo.

Selon RNDDR, G-9 patisipe nan gwo reyinyon pouvwa a e konsèy yo toujou pran an konsiderasyon. Yo genyen tou bon rapò avèk yon seri ajan PNH ak inite espesyalize tankou CIMO, BOID ak UDMO kap proteje yo. Òganizasyon kap defann dwa moun yo mande otorite yo pou sispann proteje e ofisyalize gang ame anndan peyi a.

Comments are closed.