Fyèv elektoral la pran plizyè jounalis kap pwese depoze pyès elektoral yo avan minwi dimanch 15 novanm 2026

281
0
Share:
TRiboLAND

11/15/2026

Nan moman sal redaksyon TRiboLAND.com ap redije tèks enfòmatik sila, yon seri sous verifyàb ta fè konnen divès kandida jounalis ap pwese kon mèt Jan Jak pou finalize enskripsyon yo anliyn, yon fason pou twò ta pa bare yo.

Antouka, menm jan avèk yon seri vedèt ou atis chantè ou teyat dan griyen, jounalis yo pa vle kite tren eleksyon anndan peyi a ale kite yo dèyè. Plizyè nan yo deja soumèt pyès yo, alòske gen lòt ki apenn tonbe anba fyèv elektoral la, swa pou pote kout men bay peyi a, oubyen chèche pozisyone yo pi byen pou pyafe nan kòripsyon nan kad efondreman pi plis toujou tèritwa Jan Jak Desalinn lan.

Pami jounalis ki deja enskri selon jounalis pwofesyonèl, Corvington Martin: Jean Danie Sénat (Le Nouvelliste) enskri sou banyè “En Avant pour Haiti” pou sikonskripsyon Sen Jan Disid ak Anikè. Yandy Frantz Fidel, kandida pou Sen Rafayèl sou banyè “Anfòs Ayiti”. Jounalis Nancy Laine pou sikonskripsyon Petyonvil. Antouka, anpil trese lèl ak mannèv ap miltipliye avan fen enskripsyon yo aswè dimanch 15 novanm 2026 la; dat bitwa pou dènye delè enskripsyon elektoral yo.

Share:

Leave a reply