Avèk ki odas pou majistra Nòdwès (AMANO) yo ap mande pou Jude Édouard Pierre pote plent pou menas yo fè li

493

Pòdpè____(TRiboLAND) Li trè imoral e revòltan pou yon moun ap mande jistis pandan ke l ap pratike enjistis. Asosyasyon Majistra Nòdwès ta sanble yo pèdi tèt yo! Yo reyèlman ap panse tèt anba, lè yo aroje yo avèk anpil je chèch pou entèpele sosyete sivil la ak òganizasyon defans dwa moun fas a yon seri menas ke majistra Kafou a, Jude Edouard Pierre ap subi anba yon group moun ki reklame tèt alye PHTK.

Yvette Vassor

Se reyèlman odasye e san moral pou AMANO ap mande majistra Edouart pran wout lajistis alòske yè ki te 24 jwen 2020 an, majistra ki gen manda ekspire a nan Pòdpè tire dèyè yon jènn demwazèl ki rele Yvette Vassor ki te sou yon tè eritye. Anba gro kout zam nan tèt, jènn fi a benyen ansan e subi zak vyolans anba men plizyè manm nan yon group gang ke Josue Alusma mete atravè vil Pòdpè pou terrorize popilasyon an.

Okontrè, li tap pi preferab pou òganizasyon kap defann dwa moun yo fè yon kout pye nan Pòdpè pou ramase yon latriye doleyans bò kote yon bon kantite moun ki viktim (Egzasyon, atak fisik, menas lanmò sou radyo, fiziyad, abi otorite, frod ak vòlè tè malere pou site sa yo sèlman) anba men yon ansyen majistra ki deja komèt plizyè krim nan vil la e ki jwenn benediksyon bò kote responsab direksyon depatmantal polis Nòdwès la ak pouvwa anplas la k ap pwolonje mande l. Nou vle mande ki kote AMANO ye fas ak tout zak malonèt sa yo Alusma ap poze pandan tout manda l la nan site Kapwa Lamò a.

Li preferab pou Jude Edouard deside jere menas li yo jan ke li kapab; sepandan, pran konsèy asasen ki deja ap komèt yon pakèt lòt zak malonèt sou yon popilasyon ki estime se premye fwa nan tout istwa l ke vil Pòdpè tonbe nan men yon bandi ki si kriyèl e enkonpetan. Konsa, AMANO pa gen konpetans ak moralite ase pou mande majistra Kafou a pote plent kont aksyon ki pa osi flagran ke sa yo menm ap poze atravè plizyè komenn nan Nòdwès.

Comments are closed.